Luis Abinader di kominote entènasyonal la “se pa nan fè bèl diskou yo pral ka ede Ayiti”  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
luis abinader di kominote entènasyonal la “se pa nan fè bèl diskou yo pral ka ede ayiti”  

Nan yon entèvyou li bay jounal britanik Financial Times, prezidan dominiken an Luis Abinader fè konnen “kominote entènasyonal la dwe pi responsab nan dosye Ayiti a”. 

« Si kominote entènasyonal la vrèman enkyete pou Ayiti, li dwe ale ede l, li dwe ede Ayiti konbat gang yo k ap vyole ti gason ak tifi chak jou, ki touye moun inosan chak jou, » se te kèk pami divès pawòl prezidan dominiken an te konfye bay jounal Financial Times. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lidè a te pwofite pale de èd gouvènman ayisyen te mande nan mwa Oktòb pase a fas ak sitiyasyon an ki pa sispann dejenere. 

“Nou dwe ede Ayiti rejwenn lapè.  …Se pa nan fè diskou nou pral ede l, men pito ak aksyon reyèl. Ayisyen yo, pou tèt yo yo pa kapab. 

Pou prezidan Abinader “moun ki te mande entèvansyon yon fòs etranje a se premye minis ayisyen an Ariel Henry. Si li mande l, se paske li bezwen li”. 

N ap raple, Volker Türk, ki se wo komisè Nasyonzini pou dwa moun, te mande mwa pase a pou Repiblik Dominikèn te sispann depòte Ayisyen ki ilegal yo, e Lèzetazini te kritike aksyon migrasyon peyi a paske l te kenbe plizyè Ayisyen an detansyon nan kondisyon ki pa imen ditou, souvan san manje, dlo ak kote pou yo twalèt.  

Abinader pa bò kote pa l di l pa gen okenn regrè sou politik ki pèmèt li depòte prèske 20,000 Ayisyen chak mwa depi mwa Dawout pase. 

« Nou gen yon fwontyè ak youn nan peyi ki pi pòv nan mond lan, petèt ki nan mitan de oswa twa peyi ki pi pòv nan mond lan, ak yon gouvènman ki fèb anpil kote yon pati enpòtan nan teritwa a se gang k ap dirije l, kòm prezidan Repiblik dominikèn wòl mwen se pwoteje peyi m”, se sa Luis Abinader te deklare bay jounal britanik Financial Times. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.