Gòl sou koufran dirèk Sherly Jeudy te enskri 7 jiyè nan bèl viktwa (3-0) Ayiti fas Meksik ane pase nan tounwa Monterrey la nomine pou pri pi bèl gòl Concacaf la sou ane 2022 a.
Fanm Leyogàn lan ki se youn nan pyès metrès seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki pral jwe Koupdimond apati mwa jiyè k ap vini la, kontinye ap resevwa ochan pou gòl sa li te enskri nan dènye eliminatwa Concacaf Championship la.
Gòl sou koufran dirèk sa ki te deja fini pami pi bèl reyalizasyon nan konpetisyon an, nomine pou pri pi bèl gol sou ane 2022 a nan rejyon an kote depi anviwon twa jou Concacaf lanse pwosesis pou moun vote yo.
Lyen pou ou vote anfavè jwez Grenoble Foot 38 la: https://www.concacaf.com/awards/goal-of-the-year/
Mitan tèren ayisyèn lan ki te blese nan dat 12 fevriye pase a nan baraj entèkontinantal yo fas medam chilyèn yo, prèske fini ak faz rekiperasyon li an kote li ta dwe pare pou Koupdimond lan k ap rive nan anviwon de mwa ankò.