Yon triple istorik pou Karim Benzema ki vini katriyèm meyè bitè Liga a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon triple istorik pou karim benzema ki vini katriyèm meyè bitè liga a

Fas UD Almeria nan okazyon 32èm jounen Liga a, atakan fransè a Karim Benzema rantre pi fon toujou nan istwa avèk Real Madrid gras ak nouvo triple sa ki pèmèt li vini katriyèm meyè bitè chanpyona Espay la.

Real Madrid malmennen jodi samdi a fòmasyon UD Almeria a (4-2) avèk prensipalman twa gòl pou nimewo 9 epi kapitèn yo an Karim Benzema ki rantre nan top 4 pi bon bitè Liga a bò kote Lionel Messi avèk Cristiano Ronaldo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Balon dò 2022 an ki pa t la nan defèt Real Madrid (2-4) fas Girona pandan mitan semèn lan, pèmèt Merengue yo reprann yo jodi samdi a avèk bèl viktwa sa fas UD Almeria kote l enskri yon triple depi nan premye mitan match la ( 5’,17’,41’).

Gras ak nouvo triple sa, Karim Benzema vini katriyèm meyè bitè istwa Liga a avèk 236 gòl ki pèmèt li pase devan lejann meksiken an epi ansyen jwè Real Madrid la Hugo Sanchez (234).

Atakan fransè a ki sou yon bon fòm dènye tan sa yo, enskri twazyèm triple li pou sèlman mwa avril la avèk youn fas Valladolid, youn kont katalan yo epi sa jodi samdi a fas UD Almeria nan Santiago Bernabeu a.

Karim Benzema enstale l pou kounya nan katriyèm plas klasman sa dèyè ansyen atakan Athletic Bilbao a Telmo Zarraa (253), Cristiano Ronaldo (311) epi Lionel Messi ki genyen 473 gòl nan premye plas la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.