Nasyonzini nonmen yè mèkredi an María Isabel Salvador kòm nouvo reprezantan Sekretè jeneral la an Ayiti, kote l ap gen pou ranplase Helen Meagher La Lime ki t ap ranpli fonksyon sa depi 2019.
Helen La Lime yon bon pati nan sosyete ayisyèn lan pa t sispann kritike, pou konpòtman l fas ak kriz peyi an ap konnen dènye ane sa yo, ap kite fonksyon sa kote diplomat ekwatoryèn María Isabel Salvador ap ranplase l.
Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Gutterez, nonmen jodi mèkredi an María Isabel Salvador kòm nouvo reprezantan l an Ayiti epi Chèf Biwo entegre Nasyonzini an (BINUH) pou ranplase Helen La Lime aprè anviwon 4 lane nan pòs sa.
Diplomat ekwatoryèn lan, ki te Minis afè etranje pou peyi Ekwatè nan lane 2007 pou rive 2008, pral kapab pran fonksyon kòm reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini an an Ayiti epi pran tèt BINUH menm jan ak Amerikèn 72 lane a, Helen La Lime.
Diplomat amerikèn lan k ap gen pou kite pòs sa nan fen mwa mas la, ap kite yon Ayiti kote prèske tout teritwa nasyonal la sou kontwòl gwoup ame, kote li te menm ankouraje federasyon gang yo nan yon entèvansyon devan Konsèy sekirite Nasyonzini an.
Facebook Comments