Sekretè Deta adjwen Afè émisfè oksidantal yo, Brian A. Nichols fè konnen “gouvènman ameriken an te swete anilasyon sibvansyon pri gaz la sou mache a, nan yon premye tan nan peyi d Ayiti”.
Nan yon entèvyou nan medya PBS News, diplomat la fè revelasyon sila, aprè jounalis Nick Schifrin te mande l pou vin reponn kesyon sou sa k ap pase pa bò isit an Ayiti, ak mekanis Lèzetazini itilize pou ede teritwa sòti nan kriz aktyèl la ki pra l kouri sou 3yèm mwa li.
Misye Nichols fè konnen “Ariel Henry kanpe sibvansyon gaz la an Ayiti, sa vle di vin gen plis lajan pou kèk sektè tankou Edikasyon, Sante ak enfrastrikti. Lèzetazini te swete wè sa fèt depi kèk tan de sa. E Premye minis Henry se moun ki pran desizyon sa yo”.
Diplomat la kontinye pou di: “Pou mwen Ariel Henry se yon figi tranzisyon. Mwen chita pale ak li plizyè fwa. E nan chak konvèsasyon, li banm asirans entansyon l genyen pou bay pouvwa ak yon gouvènman ki eli. Se sak fè m respekte l pou sa”.
Brian Nichols rekonèt toutfwa Ariel Henry pa yon dirijan pèmanan, epi Lèzetazini pa la pou chwazi dirijan. Li mande pou Ayisyen yo chache chimen yo pou jwenn yon solisyon ak kriz la.
“Nou la pou n ede yo fè l”, se garanti li bay
N ap raple depi desizyon pou retire sibvansyon gaz la, peyi d Ayiti tèt anba, pi fò sektè afekte ak kriz li anjandre a. Anplis se tout pwovens yo ki dekonekte prèske ak kapital la Pòtoprens, bandi ak zam pran kontwòl tout bagay.
Wi, sitou nan Site Solèy kote ki abrite pi gwo sant estokaj pwodwi petwolye yo, tèminal Varreux. La a anba kontwòl bandi G9 an Fanmi e Alye, ki gen nan tèt li ansyen polisye ki vin chèf gang Jimmy Cherizier alyas Babekyou.
Kriminèl notwa sèmante toutotan Ariel Henry pa remèt demisyon li pa p kite gaz la pase pou ale nan ponp yo. Sa lakòz peyi d Ayiti tonbe nan yon kriz san parèy: lopital, lekòl, ak plizyè lòt enstitisyon ak antrepriz paka fonksyone kòrèkteman. Malgre sanksyon Nasyonzini kont Babekyou, li pa ni cho ni frèt.
Pou kounya se mache nwa k ap founi yon pati nan popilasyon an gaz. Fòk ou gen pou pi piti 2 mil 500 goud pou yon ti galon gaz (gazolin), kous machin monte tèt nèg. Si w pa gen lajan pou w asire mwayen transpò, reziye w mache a pye.
Facebook Comments