NETALKOLE

Sitiyasyon aktyel peyi a afekte operasyon konpayi telefòn Digicel la 

Digicel fè konnen nan yon nòt li pibliye mèkredi 13 septanm 2022 a sitiyasyon aktyèl la nan peyi a gen gwo enpak sou operasyon li yo. Akòz difikilte pou deplase atravè peyi a, operasyon tankou antretyen, reparasyon antèn, fib optik ak tout aktivite operasyonèl yo vin pi difisil pou konpayi a. 

« Sitiyasyon aktyèl la nan peyi a afekte operasyon konpayi telefòn Digicel la.  Akoz difikilte deplasman a travè Tout peyi a, operasyon tankou mentnans ak reparasyon nan anten ak fib optik E tout lot aktivite operasyonel vin pi difisil. Nan kek zòn anpil nan fib optik nou Yo ap sibi gwo domaj akoz pye bwa ki koupe pou fè barikad oswa wout ki Fouye pou fè barikad », ekri konpayi rouj la nan nòt li a. 

Yon lòt bò Digicel fè konnen nan madi maten bò 3è yo te gen yon fib optik ki te koupe nan zòn Monri ki te afekte entènèt nan Latibonit ak Nodwes la. Konpayi a di koupi sa te lakoz 174 antèn patka kominike. Men apre anpil manèv ak dilijans ekip teknisyen konpayi a te rive pase e ranje l pou sèvis la te ka retabli. 

Konpayi telefòn nan tou pwofite raple popilasyon an pou li fèl konnen Digicel ap kontinye fè tout sa I kapab pou pèmèt kliyan I yo rete konekte nan sitiyasyon difisil sa, e li tou  pwofite mande Popilasyon an pou pote kole pou ede l pwoteje enfrastrikti l yo. 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire