Sitiyasyon Ayiti a retounen sou tab diskisyon Konsèy sekirite Nasyonzini an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
sitiyasyon ayiti a retounen sou tab diskisyon konsèy sekirite nasyonzini an

Sitiyasyon kriz k ap deteryore jou aprè jou an Ayiti a ap retounen nan ajanda diskisyon yo nan Konsèy sekirite Nasyonzini an jodi mèkredi 26 avril la aprè nouvo rapò Sekretè jeneral Antonio Guterres la.

Sekretè jeneral Nasyonzini an dekri sitiyasyon an Ayiti a kòm yon katastwòf nan rapò sa li sòti pandan kòmansman mwa avril la ki resanse plizyè santèn moun ki deja pèdi lavi yo sou teritwa nasyonal la, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsèy sekirite a ki toujou rete divize sou kalite entèvansyon Nasyonzini ta dwe fè pou retabli lapè nan peyi a, ta dwe reyini jodi mèkredi a pou diskite sou rapò Sekretè jeneral la, Antonio Guterres, ki kontinye kwè nan entèvansyon yon fòs miltinasyonal.

Daprè Guterres, ensekirite an Ayiti a rive nan yon nivo ki konparab ak yon peyi ki nan lagè fas ak ogmantasyon nan kantite moun k ap pèdi lavi yo akoz vyolans gwoup ame yo ki okipe anviwon 80% rejyon metwopolitèn lan daprè youn nan dènye rapò Nasyonzini yo.

N ap raple, depi aprè demann ofisyèl gouvènman ayisyen an nan dat 6 oktòb 2022 pou entèvansyon yon fòs miltinasyonal nan peyi a pou batay kont gang yo, li pa vrèman bouje akoz peyi nan Konsèy sekirite Nasyonzini yo ki poko ka rive antann yo sou dosye sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.