Yon itilizatè Whatsapp kapab konekte yon sèl kont sou menm kat aparèy

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon itilizatè whatsapp kapab konekte yon sèl kont sou menm kat aparèy

Sèvis mesaj rapid la, Whatsapp, otorize kounya pou yon itilizatè konekte kont li sou plizyè aparèy, 4 pou pi plis, daprè Mark Zuckerberg ki fè anons lan ayè madi 25 avril la.

Yon bon nouvèl pou itilizatè Whatsapp yo ki pral gen posiblite konekte yon kont sou menm kat telefòn nan menm moman an jan anpil moun t ap mande sa depi byen lontan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Apati jodia, ou kapab konekte Whatsapp sou kat telefòn diferan ”, ekri PDG gwoup Meta a, Mark Zuckerberg pou te kapab anonse nouvèl sa.

Nan kominike Meta pibliye ayè madi a, yo fè konnen itilizatè yo pral kapab pase sou yon telefòn pou ale nan yon lòt san oblije dekonekte epi reprann fasilman konvèzasyon yo.

Daprè jeyan ameriken an, menm dispozisyon sa pral valab pou WhatsApp Web la kote kòd QR skane a ap ranplase nan lide pou fasilite pwosesis la avèk sèlman yon kòd k ap vini sou nimewo telefòn aktivasyon kont lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.