Sitiyasyon sekirite a ap frape sektè sante a anpil an Ayiti

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
sitiyasyon sekirite a ap frape sektè sante a anpil an ayiti

Zak kidnapin ak koze ensekirite a nan peyi a frape fò sektè sante a, yon sitiyasyon ki lakòz sistèm Sante ayisyen an, pann nan yon fil, paske plizyè lopital kòmanse fèmen pòt yo, san konte anpil pwofesyonèl sante ki ap kouri kite peyi a pou yo kapab chape pou l yo anba pwoblèm ensekirite a k ap sakaje peyi a.

Vrèman vre, Madi pase a, Fondasyon St Luc ak Òganizasyon ( Petit Frère Et Soeurs) yo te plede nan yon nòt pou laprès pou mande liberasyon pedyat Geneviève Arty, ki nan men kidnapè yo depi 2 fevriye 2023 ki poko janm ka jwenn liberasyon.

Nan nòt sa a, Òganizasyon yo raple doktè a ap travay pou byennèt timoun depi plis pase 30 lane e li te pami moun ki deside rete nan peyi a, malgre kriz grav Ayiti ap travèse a.

Sitiyasyon an ap vin pi konplike chak jou k ap pase, kote gang ak zam yo ap goumen pou plis teritwa, yon sitiyasyon ki lakòz plizyè milye moun kite kay yo. Yon lòt bò pèsonèl lasante yo pa epanye, pou sèlman mwa fevriye sa a, bandi ak zam gentan kidnape 3 pèsonèl lasante.

Jedi pase a, Doktè Gérald Gilles te anlve kont volonte l devan klinik li ki chita nan Delmas 103, nan kapital peyi a. Otè yo te mande 1.5 milyon dola pou libere l, daprè sa fanmi Doktè a te fè konnen.

Men sepandan, Doktè Louis Gérald Gilles, manm pati NOULHA te jwenn liberasyon li ayè mèkredi 22 fevriye 2023 a kont ranson, aprè li te pase plizyè jou nan men ravisè yo.

Mete sou sa, semèn pase a, bandi ak zam te kidnape doktè Carl Frédérick Duchatelier ak travayè sante kominotè Kettia Juste apre yo te fin kite sant Gheskio, yon enstitisyon ki responsab trete maladi enfeksyon.

Kòm repons, etablisman an ki dirije yon vas pwogram tretman VIH/SIDA te anonse sispansyon aktivite li yo, nan lide pou mande liberasyon doktè yo.

Bò kote pa l, lopital Albert Schweitzer nan depatman Latibonit, ki trete anviwon 700 000 moun, fèmen apre envazyon gang ak gwo zam fann fwa nan vil la, ki sitiye nan nòdwès Pòtoprens.

San nou pa bliye, Direktè kominikasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Jeanty Fils Exalus, yo kidnape ayè mèkredi 22 fevriye 2023 a. Men, fanmi li yo pa presize ki kote egzakteman doktè a te  kidnape.

N ap raple, Pòtoprens, anplis aksyon gang, doktè ap travay nan kondisyon ki pa bon, sa ki lakòz yon grèv de mwa nan prensipal lopital piblik peyi a.

Lopital Inivèsitè Leta d Ayiti, ki chita nan kè kapital la, ap mal fonksyone akoz grèv doktè rezidan yo ap dirije k ap mande ogmantasyon salè, resous ak pi bon kondisyon travay, alòske se popilasyon an ki pi afekte.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.