Skandal | Yon dokiman revele Diddy te gen relasyon seksyèl avèk Meek Mill !

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
skandal yon dokiman revele diddy te gen relasyon seksyèl avèk meek mill !

Prodiktè Lil’Rod ap sekwe endistri mizikal la pandan li trennen Diddy devan tribinal. Li akize Diddy pou agresyon seksyèl sou yon anplwaye l, e gen yon dokiman ki pretann Diddy ta gen relasyon seksyèl avèk Meek Mill.

Gen gwo sekous nan endistri mizikal la avèk dosye ki mete Lil’Rod anfas Diddy a. Gen yon koze relasyon seksyèl ki mele plizyè gwo tèt sou sèn hip-hop ameriken an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dokiman yo mansyone tou Meek Mill ak lòt atis (youn ki te pèfòme nan Superbowl la) ta gen frekantasyon ak relasyon ak tifi ki anba laj pandan yon fèt Diddy te òganize. Akizasyon sa yo, si yo vrè, kapab gen konsekans grav pou atis yo nan ka sa ki enplike Diddy li menm.

Anplis dokiman yo, Lil’Rod di Diddy te konfese li te gen relasyon seksyèl ak Meek Mill ak lòt atis yo, non yo poko sòti deyò. Men yo pale de yon atis ki te agrese Rihanna, sa ki souzantann se Chris Brown.

Pou kounye a, ka sa a rete pou swiv, pandan nouvo enfòmasyon kapab sòti sou enplikasyon pati yo nan dosye a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.