Stéphanie Joseph, yon jèn fi ki vòlè tout pyès yon jenòm ki te gen pou pati nan pwogram Biden lan

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
stéphanie joseph, yon jèn fi ki vòlè tout pyès yon jenòm ki te gen pou pati nan pwogram biden lan

Peterson Théofin, yon jèn gason ki te gen pou pati nan pwogram ameriken Pawòl Imanitè a, ki gen ti non Pwogram Biden, leve jodi jedi 29 jen 2023 a ak yon move sipriz alòske l te gen pou l vwayaje byen bonè maten an bò 8è.

Jenòm lan, nan deklarasyon l, eksplike, ayè mèkredi 28 jen an, nan aswè, li te deside, avan li pati, al dòmi nan otèl ak yon jèn fi ki rele Stéphanie Joseph. Byen bonè maten an, demwazèl la leve, alòske l konnen mennaj li t ap pral pati, sove ak tout dokiman enpòtan li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Viktim move kou sila, nan mikwo laprès, rapòte jèn demwazèl la ale avèk ekstrè achiv, kat elektoral, paspò, tikè avyon l, epi yon sòm 2 500 dola ameriken. Nan menm kòb sila, li te konte fè l kado 500 dola ameriken. Sof yon kanè bank li te genyen ki rete.

Avèk yon vwa ranpli ak dezolasyon epi yon rega chaje desepsyon, Peterson Théofin ki gen ti non “Jhonny”, mande pou Stéphanie pote pyès yo bay li, li mèt pran kòb la. Li fè konnen egalman demwazèl la fè sa pa mechanste. Li pa konsidere sa kòm yon prèv lanmou, si se pou sa l ta poze zak la.

Johnny menm rapòte li rele Stéphanie plizyè fwa nan telefòn li pa jwenn li. Li rele yon zanmi l li di pa foure l nan koze sila. Johnny, pou kounya, pa konn si Stéphanie sou teritwa a paske yon matant li te fè l konnen li gen pou l ale Sendomeng.

Sak pi tris nan istwa a, Stéphanie pa t bon mennaj Peterson Theofin. Bon mennaj li ap viv Kanada, e li pako konn istwa sila. Anplis sa, moun ki te aplike pou li nan pwogram Biden lan te vin chèche l nan ayopò a, men te oblije tounen san li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.