Taliban yo mande pou tout pwopriyetè “shop” kouvri vizaj mannken yo 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
taliban yo mande pou tout pwopriyetè “shop” kouvri vizaj mannken yo 

Sou rejim Taliban yo, mannken ki nan magazen rad pou fanm yo – kidonk gwo poupe plastik yo – pou kounya pa gendwa rete san vizaj yo pa kouvri. Yon lòd nouvo mèt peyi yo pran pou pèmèt lalwa sou relijyon yo a aplike sou fanm yo ak tout sak gen rapò avèk yo. 

Pyès “shop” rad pa gendwa mete mannken kanpe ak rad sou yo san vizaj yo pa kouvri swa ak yon vwal oubyen yon sak plastik nwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon premye tan Taliban yo te vle fè rache epi jete tèt tout mannken yo ki nan kapital peyi a Kaboul, yo chanje lide epi mande pou tout moun k ap vann rad nan lye ki fèt pou sa yo, pou yo kouvri vizaj yo sou pèn sanksyon. 

Gen plizyè moun k ap vann rad ak twal ki konfòme yo ak prensip la, men gen plizyè ki refize sa. Moun sila yo deklare yo pa p ka ekspoze wòb yo byen si yo fè sa. 

N ap raple, yon ti tan apre yo te vin sou pouvwa a nan mwa dawout 2021, Ministè pou Pwopagasyon Vèti ak Prevansyon Vis yo te dekrete pou yo retire tout mannken nan fenèt magazen yo oswa pou yo retire tèt yo, daprè sa laprès lokal rapòte. 

Taliban yo baze lòd yo a sou yon entèpretasyon estrik nan lwa islamik la ki entèdi estati ak imaj sou fòm moun paske yo ka adore yo kòm zidòl, byenke sa a tou konbine avèk kanpay gouvènman an ap mennen pou retire fanm nan vi piblik la. 

Taliban yo okòmansman te di yo patap enpoze nòm sosyal estrik menm jan ak premye gouvènman yo a nan fen lane 1990. Men, piti piti yo ap aplike pi plis restriksyon, espesyalman sou fanm yo. Yo sot te entèdi fanm ak tifi pou yo kontinye edikasyon yo aprè klas sizyèm ane, yo pa gendwa travay sitou nan Òganizasyon Non Gouvènmantal yo, epi yo mande fanm yo pou bare figi yo lè yo deyò. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.