Depi yon ane rive, tout moun gen anpil gwo dezisyon yo ta renmen pran nan vi yo. Men souvan anpil nan yo konn kite yo pote yo ale ak yon efori san parèy, san pran yon tan pou yo byen analize kisa yo ta renmen chanje nan vi yo tout bon, ki rezolisyon ki parèt nesesè. Soti nan desanm pou rive janvye, gen moun malgre yo te di y ap fè yon bagay anyen poko mache, menm lè genyen ki deja lanse yo tout bon pou ane 2023 a.
Mwa desanm se yon mwa ki gen anpil monte desann, fèt, maryaj envitasyon tribò pa bò. Kidonk li difisil anpil pou yon moun jwenn tan sou ki rezolisyon li dwe pran pou ane k ap vini an. Janvye se yon mwa akalmi, kote pa vrèman gen lajan. Se petèt pi bon moman pou yon moun pran tan sou kèk rezolisyon pou nouvèl ane a.
Men 10 rezolisyon ou sipoze pran
1- Fè ekonomi
Lajan jwe yon wòl enpòtan nan lavi yon moun, yon fanmi, yon antrepriz elatriye. Chak jou ki pase lavi a ap vin pi chè, bagay yo parèt pi difisil. Yon moun ki bezwen fè ekonomi kapab : fè yon bidjè, evite achte bagay li pa bezwen, frekante restoran, magazen epi boutik yo mwen souvan. Sere lajan pou yon ka ki ijan.
2- Monte yon biznis
Anpil fwa gen moun ki pa rive jwenn posibilite pou yo soti tèt yo, paske yo pè riske, yo pè asosye yo ak lòt moun. Monte yon biznis mande tan ak anpil enèji. Men li enpòtan pou yon moun eseye paske sa ap gen gwo enpak sou demen li ak avni fanmi li. Lè yon moun gen plizyè kote l fè lajan, li reyalize pwojè li yo pi vit.
3- Pran tan pou tèt ou
Travay, aktivite yo anpil pafwa gen moun ki pa jwenn tan pou yo respire, ki bezwen tan pou yo konekte ak tèt yo ak lavi. Gen moun ki konn tonbe nan depresyon paske bagay yo anpil pou yo jere. Pou yon moun pran tan pou tèt li li dwe : pase mwens tan nan telefòn li, fè ti soti ak moun li renmen, aprann fè meditasyon, fè piknik ak zanmi, bay plis enpòtans ak sante mantal li.
4- Pase plis tan ak fanmi w oubyen zanmi w
Fanmi ak bon zanmi se 2 eleman ki enpòtan pou devlopman sikolojik, sosyal ak afektif yon moun, kidonk li enpòtan pou nou rann yo plis sèvis, montre yo kijan yo enpòtan pou nou, pase tan ansanm ak yo, bay blag, manje ansanm…
5- Fè espò
Anpil moun pa jan m rive jwenn tan pou yo fè espò, ki se yon aktivite ki bon pou kò a ak lespri a. Se yon bagay yon moun ta dwe fè 2 ak 3 fwa chak semèn. Pou sa rive fèt, moun nan ka chwazi aktivite li renmen an, jwe foutbòl, Baskèt, fè ti mache oubyen tou al nan gym.
6- Byen manje
Nan koze manje, li difisil pou yon moun byen manje jan l ta swete a, paske majorite moun lage vant yo nan men machann ak restoran. Pou yon moun byen manje li dwe pran tan l, pran san l. Manje plis legim ak fwi, bwè anpil dlo. Pa konsome anpil sik, sèl ak vyann…
7- Aprann yon bagay ou pat konnen
Mond lan ap avanse ak yon vitès tèt chaje, entènèt la ofri anpil posibilite pou moun aprann san yo pa menm bezwen deplase. Aprann yon lang, jwe mizik, aprann desine, danse, aprann fè manje… bagay sa yo kapab mete plis enèji ak koulè nan lavi yon moun.
8- Konn kijan pou w planifye jounen w
Anpil moun toujou gen gwo difikilte pou yo òganize jounen yo, sa konn rive yo rate randevou yo pat swete oubyen bliye yon bagay enpòtan. Gen yon kanè nòt pou w ekri sa w anvi fè yo, oubyen itilize note lis sou telefòn nan, kapab ede w jere jounen w pi byen.
9- Dekonekte ak rezo sosyal yo
Gen moun ki estime yo pase twòp tan sou rezo sosyal nan gade bagay ki pa itil yo anyen. Pou yon moun dekonekte li jis bezwen pase plis tan ak zanmi l, li yon bon liv, fè yon bagay li santi li jwenn plezi ladan l.
10- Gen plis konfyans nan rèv ou
Reyalize yon rèv mande tan ak anpil enèji, se pou tèt sa li enpòtan pou w grandi konfyans ou ak estim ou. Ou pa dwe pè non plis pou w afwonte lavi. Echwe yon fwa paka fè w abondone. Pa akonpli tout sa w reve pou ane a paka fèw pa kwè nan kapasite w pou ale lwen. Jis fè yon efò chak jou pou w akonpli rèv ou yo menm lè sa ta parèt difisil.
Facebook Comments