Tèminal Varreux swete gen yon koulwa imanitè ki mete sou pye pou gaz la sòti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
tèminal varreux swete gen yon koulwa imanitè ki mete sou pye pou gaz la sòti 

Nan yon piblikasyon sou rezo sosyal Twitter, Tèminal Varreux ak Wineco SA swete gen yon koulwa imanitè an ijans ki mete sou pye pou gaz la kapab sòti nan tèminal la ki bloke akoz nèg ak zam ki okipe espas la. 

Tèminal Varreux ansanm ak estokaj petwolye Wineco SA swete jwenn koulwa imanitè kote tout ayisyen ap aksepte epi respekte, pou kapab bay gaz ak lopital yo, sant tretman dlo yo, ansanm ak rezo telekominikasyon yo ki an priyorite. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi gwo sant estokaj gaz ki gen nan peyi a, Tèminal Varreux, bloke depi plis pase de semèn akoz gwo twou epi nèg ak zam nan G9 an Fanmi ak alye ki bloke tout aksè ak tèminal la ki nan komin Site Solèy. 

Depi Gouvènman Ariel Henry an fin anonse ogmantasyon pri gaz la nan ponp yo, toujou poko gen yon kamyon ki kite tèminal la. Sou rezo sosyal yo, Varreux te deja anonse gen plizyè milyon galon gaz ki rete bloke nan tèminal la ki pa ka sòti. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.