Akòz gaz ki pa genyen sou teritwa depi kèk tan, Radyo Ibo anonse li oblije sispann pwogramasyon li a paske l pa kapab alimante enstalasyon li yo ki Boutilier, anlè Petyonvil.
Pou kounya si w branche 98.5 FM nan ou pap jwenn anyen apa yon frekans k ap bouyi, sa vle di Radyo Ibo pa anlè sou band FM nan.
Ekip medya sila te deja bay alèt sou sitiyasyon an ayè lendi 3 oktòb la sou paj Facebook li.
« Radyo Ibo menm jan ak anpil lòt enstitisyon nan peyi a ap fè fas ak pwoblèm gaz ki anpeche yo fonksyone. Nou eskize nou paske nou pa annond depi vandredi paske nou pa gen gaz nan antèn nou kontiye fonksyone Boutilye. Mèsi paske ou konprann nou ».
N ap raple plizyè lòt enstitisyon nan peyi a deja fèmen pòt yo akòz rate gaz la k ap sakaje teritwa depi plizyè mwa deja, e kriz la vin pi mal depi lè gouvènman Ariel Henry a te fin deside pa sibvansyone gaz la anko ak ogmante pri l sou mache a.
Yon desizyon ki lakòz pèp la nan lari jiskaprezan. Malgre tout aktivite ralanti epi peyi a bloke, Ariel Henry pa janm retounen sou desizyon l. Sa ki lakòz menm lekòl ki te dwe louvri pòt li ayè lendi 3 oktòb la pa fonksyone. Pou kounya, lopital, gwo kou ti antrepriz, konpayi telefòn, tout blije swa fèmen pòt yo, redwi nan pèsonèl yo oubyen alète otorite yo sou sitiyasyon an.
Facebook Comments