Thomas Tuchel byen demare avèk Bayern Munich

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
thomas tuchel byen demare avèk bayern munich

Pou premye match li sou ban ekip Bayern Munich lan, Thomas Tuchel fè yon bon rezilta jodi samdi an kote yo kraze Borussia Dortmund (4-2), sa ki tou ba yo premye plas klasman Bundesliga a.

Bavawa yo ki chanje antrenè semèn ki sot pase an aprè revokasyon Julian Nagelsmann lan, genyen Klassiker a fas rival yo Borussia Dortmund (4-2) avèk prensipalman twa gòl ki ta pral make nan 30 premye minit match la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Devan anviwon 75 000 moun nan Allianz Arena a, Bayern Munich genyen batay pou premye plas sa fas Dortmund avèk prensipalman yon double pou Thomas Muller, Kingsley Coman epi yon otogòl.

Thomas Tuchel ki te san klèb depi revokasyon l nan tèt ekip Chelsea a, rive anndan Bayern Munich nan mitan sezon an kote yo kontinye ap jwe sou twa tablo avèk prensipalman yon kadefinal Lig dè Chanpyon y ap gen pou jwe fas Manchester City.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.