Ayiti : Obsèvasyon premye jounen grèv asosyasyon sendikal transpò piblik yo

Witson Beaujour
Par
Witson Beaujour
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.
- Rédacteur
Foto : Haiiti 24

Jan sa te anonse semèn pase a, jodi lendi 26 septanm 2022 sa a se premye jounen grèv nan 3 jou grèv jeneral sendika ak asosyasyon transpò yo lanse nan tout  peyi a, toujou nan sousi pou fòse Premye Minis Ariel Henry bese pri gaz la andedan ponp yo.  

Plizyè asosyasyon sendikal transpò lanse yon grèv jeneral kap gen pou dire 3 jou nan peyi a. Nouvo fòmil sa a, ki pran aprè 2 semèn manifestasyon yo, vize pwoteste kont desizyon gouvènman an pran pou ajiste pri pwodwi petwòl yo sou mache a. 

Grèv jeneral la kòmanse jodi lendi 26 septanm lan, l ap fini jou kap mèkredi 30 septanm lan, si tout bagay ale jan li te planifye a. 

Ekip redaksyon NetAlkole Media a ak repòtè li yo remake yon silans total nan prèske tout kapital la. Aktivite komèsyal ak transpò piblik yo prèske paralize byen bonè maten an nan Pòtoprens ak lòt zòn ki anviwonnen l yo, toujou daprè konklizyon plizyè nan repòtè nou yo. 

- Advertisement -
Ad image

Maten an, plizyè kwen nan kapital Ayisyen an ak kèz zòn ankò, rekonèt yon kalm. Lari yo pratikman vid ak moun. Machann yo ak pyeton yo kòmanse monte abò grèv la. 

Menm bagay la tou pou transpò piblik la, nou te kapab wè kèk machin prive k ap sikile. Men avèk anpil enkyetid pou evite viktim. 

Pòtoprens, Lalue, Avni John Brown, nou remake prezans barikad ak kawoutchou k ap boule. 

Nan zòn ki lwen nan Kapital la, espesyalman nan Wout 9, menm sitiyasyon an te obsève. 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.