Tiwa Savage deklare byen fò se gras ak sèks li rive reyisi karyè l

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
tiwa savage deklare byen fò se gras ak sèks li rive reyisi karyè l

Tiwa Savage, yon atis Nijeryàn yo konsidere kòm rèn afwobit la, pa kache admirasyon l pou sèks. Chantèz ki gen renome mondyal la fè konnen se gras ak sèks li rive fè siksè nan karyè l.

Tiwa Savage se yon chantèz Nijeryàn ki gen gwo repitasyon epi ki mete anprent nan endistri mizik afriken an avèk talan vokal eksepsyonèl li. Li te kòmanse karyè l kòm koris pou atis tankou Mary J. Blige ak George Michael, anvan li lanse karyè solo l an 2010 avèk premye mizik li ki rele “Kele Kele Love”. Depi lè sa, li sòti kat album estidyo ak plizyè mizik ki te pèmèt karyè mizikal li pete plafon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men se pozisyon fran ak seksyalite nan mizik li ki fè moun apresye Tiwa Savage e menm rive kritike li. Tiwa Savage te fè konnen “mizik mache avèk seks”. Yon deklarasyon fanatik yo te entèprete tankou yon fason li itilize seksyalite li pou vann disk. Li te menm revele nan yon entèvyou pi gwo siksè li te enregistre se lè li te ekzite epi sa te vin ba l yon vwa sansyèl.

Menm si sa ka parèt kontwovèse, sa pa janm anpeche Tiwa Savage domine sèn mizikal afriken an avèk talan vokal li ak pèsonalite ekstravagan li an. Li se yon enspirasyon pou anpil jenn fanm epi yon egzanp fòs ak kapasite pou fè fanm vin pwisan nan endistri mizik la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.