Top 5 jwè ki kraze sezon 2022-23 a nan chanpyona ewopeyen yo

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
sumfest dévoile le line up de son édition 2023 (1)

Pou sezon 2022-23 a, anpil jwè rive depase atant sipòtè ak dirijan klèb yo te mete nan yo an. Nan chanpyona ewopeyen yo, anpil jwè te montre talan yo. Jwe foutbòl nan yon nivo eksepsyonèl, san bliye tit jwè sa yo rive pran ak ekip yo, epi emosyon yo pote kay sipòtè yo. Yon sezon ki te rich anpil ak bèl pas, bèl gòl. Sòti sou Vinicius, pase pran Kevin De Bruyne pou rive sou Haaland.

Men lis 5 jwè ki te pi briyan ak klèb yo pou sezon an nan pi gran chanpyona ewopeyen yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

5- Victor Oshimen (Napoli)

Oshimen rive enpoze l nan pwent atak ekip Napoli an. Nimewo 9 la se yon rena nan kare advès la, ki bon nan jwèt tèt. Pou kont li, Nijeryan an kapab kraze yon defans lè l ap sòti sou bò dwat la. Maryaj li ak Kvaratskhelia ede Napoli pan tit Serie A depi 1990. Victor Oshimen fini meyè bitè chanpyona a ak 25 gòl. Victor Oshimen kapab al evolye nan Premier League la sezon sa k ap vini si ekip Napoli a ta jwenn yon òf pou li.

4- Kylian Mbappé (PSG)

Malgre PSG pa t rive nan objektif li pou sezon an ki se tit Lig dè Chanpyon an, Fransè a te montre l desizif. Malgre li te blese, li te rive fè kè fanatik PSG yo kontan kote l pran Ligue 1 an epi fini meye bitè chanpyona a ak 28 gòl epi reyalize 7 gòl nan Lig dè Chanpyon an.

3- Vinicius Junior (Real Madrid)

Brezilyen an se youn nan pyès enpòtan ki te ede ekip Real Madrid la, malgre yon move sezon kote se Copa del Rey la sèlman Merengue yo pran. Kalite drib li ak kalite pas li fenomenal. Ak 22 lane, Vinicius se yon jwè ki gen anpil avni nan jwèt la.

2- Kevin de Bruyne (Manchester City)

Avèk Guardiola, Kevin de Bruyne vin yon etènèl maestro nan mitan tèren ekip Manchester City a. Bèlj la se meyè pasè nan Premier League la. Se yon jwè ki konn fè pas, ki pa neglije fè gòl non plis. Li ede Haaland anpil pou sezon sa. Sou 5 dènye sezon yo, li rive pran 4 tit Premier League ak Citizens yo.

1- Erling Haaland (Manchester City)

Sezon sa Erling Haaland kraze Premier League la kote l enskri 36 gòl. Cyborg la te mande anraje nan pwent atakan Citizens yo, sa ki ede ekip la pran tit la yon lòt fwa ankò. Nòvejyen an reyalize yon sezon san parèy nan foutbòl ewopeyen an aprè bèl pèfòmans li yo.

Lòt jwè ki te ka nan Top 5 sa, se : Harry Kane, Ronald Araujo, Robert Lewandowski, Lionel Messi, Ter Stegen, Rodri, Martin Odegaard, Bellingham pou n site sa yo sèlman.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article