Yon bèl operasyon pou Manchester City ki genyen FA Cup la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon bèl operasyon pou manchester city ki genyen fa cup la

Nan yon match ranpli ak entansite, Manchester City genyen Manchester United (2-1) nan final FA Cup la gras ak yon double mitan tèren alman an, Ilkay Gundogan nan premye minit ak nan 50èm minit.

Aprè viktwa yo nan Premier League la wikenn ki sot pase a, Citizens yo ranpòte yon dezyèm twofe pou sezon an. Malgre gòl sou pennal Bruno Fernandez la ki te egalize pou Red Devils yo, Sky Blues yo ranpòte FA Cup la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Match sa ki t ap jwe nan Wembley a devan plizyè dizèn milye fanatik, Manchester City ap avanse jwenn objektif pou ta fè triple pandan sezon an, yon semèn avan final Lig dè Chanpyon an nan vil Istanbul fas Inter Milan.

Citizens yo k ap fè yon sezon trè entèresan sou plan rezilta, ranpòte yon setyèm FA Cup nan istwa yo avèk viktwa sa yo sou Manchester United nan final jodi samdi an. Pep Guardiola ak jwè l yo sou wout pou ekri istwa ak Manchester City k ap domine foutbòl anglè a dènye sezon sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.