Tout danmijann gen bouchon l », mesaj fò PM Ariel Henry nan selebrasyon 220 lane endepandans peyi a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tout danmijann gen bouchon l », mesaj fò pm ariel henry nan selebrasyon 220 lane endepandans peyi a

Pou selebrasyon 220 lane endepandans Ayiti a, Premye minis Ariel Henry fè yon diskou gwo ponyèt jodi premye janvye 2024 la nan lokal Mize Panteyon Nasyonal Ayiti a (MUPANAH) pou pwomèt sekirite, kalm epi bon jan sikilasyon nan peyi ki anba dominasyon gang ak zam.

Yon nouvèl ane ki rekonèt jou l anba yon kriz sosyo-politik, ekonomik ak sekirite. Anplis pwomès minis nome sou rèy defen prezidan Jovenel Moïse depi 6 jiyè 2021 an atravè yon tweet, Ariel Henry, fè yon sòti san l pa pale de dat eleksyon. Nan okazyon diskou tradisyonèl sa ki fèt nan MUPANAH, Premye Minis lan avèti tou yon seri moun ki daprè li se fòs ensekirite peyi a ap fè fas dènye tan sa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Ane 2024 la, kè kalm, tèt frèt, n ap ka rekòmanse sikile nan tout katye nan kapital la, e nan tout zòn nan peyi a. Tout danmijann gen bouchon l. Sak vle fè noupè a gen pou jwenn bouchon pa l tou », deklare PM Ariel Henry

Tipa tipa, n ap rapwoche n de dat 7 fevriye 2024 la, Premye Minis Ariel Henry sanble pa gen entansyon bay pèsonn pouvwa a. Poutan, atravè yon Akò inisyal ki te siyen 21 desanm 2022 pase a ak plizyè pati politik, divès gwo chabrak te dakò sou dat sa kòm dat gouvènman Ariel Henry an ap kite pouvwa a.

Olye de sa, Ariel Henry se planifye l ap planifye rèv li ak gouvènman li an pou nouvèl ane sa ki dwe yon ane chanjman daprè sa l fè konnen. Pandan, li anonse tout moun yo dwe aksepte règ jwèt la.

Konsènan gang ak zam yo k ap simen latwoublay nan tout kò peyi a, Premye minis Ariel Henry mande kalm ak trankilite. Prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) garanti depi nan kòmansman ane sa popilasyon ayisyèn lan ap kòmanse deplase lib e libè nan tout rakwen nan kapital la ak nan vil pwovens yo.

Pou vin ede nasyon ayisyèn lan anba enfliyans gang yo, Ariel Henry mete yon konfyans asire sou peyi Kenya ki pral oblije pran devan Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal la (MMSS) pou kore Lapolis la nan batay kont gang yo.

Yon lòt bò, li annonse pandan y ap tann deplwaman twoup etranje yo nan peyi a, Gouvènman ayisyen an pral bay fòs lame peyi a sipò materyèl epi finansyè yo pou anpeche bandi yo nan grandi jarèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.