Tout ekip Karim Benzema bay 3 gòl nan karyè li (12 triple)

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
tout ekip karim benzema bay 3 gòl nan karyè li (12 triple)

Aprè 3 gòl atakan Real Madrid la fas FC Barcelone nan nan demi final retou Copa del Rey la, jwè fransè a se premye jwè Real Madrid ki rive fè 3 gòl nan Camp Nou an. Yon pefòmans san parèy ki mete jwè a nan klasman bitè pou ane 2023 ak 17 gòl devan Marcus Rashford (17), Erling Haaland (15) epi Victor Oshimen (15) pou tout konpetisyon yo jwè.

Pou 3zyèm klasiko Real Madrid ak Barcelone pou ane 2023, Karim Benzema fè 3 gòl nan demi final retou Copa del Rey la, aprè l te fin pase klèb Valladolid 3 gòl nan weekend pase a nan Liga. Men lis ekip ak konpetisyon antakan madrilèn lan reyalize eskplwa sa yo. Ansyen jwè Lyon an repete pefòmans sa 12 fwa nan karyè li.

1- Lyon – Metz, 2007 ( Ligue 1)

2- Créteil – Lyon, 2008 ( Ligue 1)

3- Real Madrid – Auxerre 2010 (Champions League)

4- Real Madrid – Levante, 2010 (Copa del Rey)

5- Real Madrid – Malmo, 2015 (Champions League)

6- Real Madrid – Rayo Vallecano, 2015 (Liga)

7- Real Madrid – Athletic Bilbao, 2019 (Liga)

8- Real Madrid – Celta Vigo, 2021 (Liga)

9- Real Madrid – PSG, 2022 (Champions League)

10- Chelsea – Real Madrid, 2022 (Champions League)

11- Real Madrid – Valladolid, 2023 (Liga)

12- Barcelone – Real Madrid, 2023 (Copa del Rey).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article