Tout lekòl dwe louvri pòt yo 3 Oktòb pwochen, deklarasyon Nesmy Manigat 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
tout lekòl dwe louvri pòt yo 3 oktòb pwochen, deklarasyon nesmy manigat 

Wout yo sal, pa gen machin, pa gen  gaz, mete sou sa dènye mouvman revandikasyon ki genyen nan lari a mete tout paran ajenou, alòske lekòl yo dwe relouvri 3 Oktòb k ap vini la, daprè deklarasyon minis Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl la(MENFP), Nesmy Manigat.  

Nan yon kominike, MENFP te sòti yon nòt nan lannwit 26 dawout pase pou te voye ouvèti klas yo 3 Oktòb k ap vini la, aprè te genyen anpil enkyetid sou dat 5 septanm nan, ki se dat inisyal aktivite eskolè yo te dwe reyèlman kòmanse pou lane 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sitiyasyon peyi a pa t pèmèt Leta ayisyen pran bon jan dispozisyon pou sa te posib, daprè UNNOEH (Union des Normaliens-nes, Éducateurs-trices d’Haïti). Konsa, minis Edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat te chwazi repòte dat  ouvèti klas yo pou yon lòt mwa, kidonk pou mwa Oktòb. 

Si dispozisyon sila te dwe pèmèt paran yo gentan prepare yo pandan mwa septanm nan, gwo mobilizasyon ki genyen kont Ariel Henry ak parèy li yo ki sou pouvwa a lakòz lèt la tounen nan men paran yo : pa gen okenn preparasyon ki rive fèt malgre sa. 

Lavi chè a ogmante, pwodwi premye nesesite yo pa aksesib, san konte pi fò zòn kote paran yo ta dwe al fè pwovizyon pou rantre klas yo pa an sekirite akòz echanj kout zam k ap fèt la yo ant bandi oubyen ant bandi ak lapolis. 

Sitiyasyon sosyosekiritè peyi a ap deteryore alòske Leta ayisyen, atravè minis Afè etranjè Jean Victor Généus, fè konnen devan tribin Nasyonzini « tout bagay nan peyi a sou kontwòl ». Bandi ap touye, kidnape, dechèpiye moun, lapolis paka fè anyen. 

Jodia 29 septanm, èske Leta ayisyen, gras ak kanal MENFP, ap gentan pran bon jan dispozisyon pou lekòl kapab kòmanse fonksyone 3 Oktòb k ap vini la jan minis Manigat ret kanpe sou desizyon l ; èske lari a ap gentan pwòpte pou resevwa elèv yo ; èske lapolis ap gentan pare pou bay yo bon jan sekirite nan lari a ; èske ap gentan gen machin nan lari a pou mennen yo lekòl : se kèk pami divès kesyon paran yo ap poze Leta ayisyen, alòske ouvèti klas yo, si n kwè MENFP, se pou lendi k ap vini la.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.