Transfè : Real Madrid siyen jèn brezilyen 16 lane a Endrick 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
transfè realmadrid siyen jèn brezilyen 16 lane a endrick 

Anpil ekip tankou Barcelone, PSG te vle genyen jèn jwè brezilyen sa k ap fè pale talan l nan ekip Palmeiras la, nan peyi Brezil. Jodi Jedi a Realmadrid mete fen ak feyton sa, kote l rive siyen Endrick pou yon kontra 60 milyon ewo. Jwè a ap rejwenn klèb la an 2024, lè  sa l ap gen 18 lane.  

Realmadrid rive mete l dakò ak adolesan ki gen 16 lane a Endrick pou yon kontra 60 milyon ewo, pendan jwè a ap kontinye evolye ak klèb li nan peyi Brezil. Konsa l ap rejwenn Real nan lane 2024. Yon akò FIFA otorize pou madrilèn yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt fwa ankò, Real devanse konkiran l yo menm jan l te fè l pou Vinicius ak Rodrygo. Yon lòt jwè brezilyen ap rejwenn kapital espanyòl la lè l gen 18 lane. Daprè près espanyòl la, Real depanse 35 milyon plis 25 bonis pou l ka jwenn sèvis Endrick.   

Endrick se yon jèn jwè ki boure ak talan, ki ka jwe devan epi nan aks la, anpil analis wè nan li yon jwè tankou Romario, menm Ronaldo pou jan l jwe byen. Tout moun ap tann pou yo wè l kap evolye sou mayo ekip Real la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive