NETALKOLE

Twazyèm jou konsekitif manifestasyon nan Okay 

Popilasyon Okay la te komanse manifeste madi ki te  6 septanm 2022 a pou te mande depa Premye minis Ariel Henry nan tèt pouvwa, epi pou yo denonse ensekirite ak lavi chè nan peyi a. 

Pou jodi vendredi 9 septanm 2022 a, yo te jwenn yon moun blese ak bal byen bonè nan maten, nan ri Trois Frères Rigaud nan Okay, mete sou sa yo jwenn yon sèkèy ki gen yon kadav ki dekonpoze tou nan dezyèm Gran ri a.   

Anplis de sa, plizyè moun ki pa idantifye te piye machandiz anpil machann yè swa nan mache a ki nan ri Jeneral Marion pwolonje a. Yo te fè tantativ pou yo piye santral elektrik ED’H nan Okay la tou, men kèk polisye te gentan anpeche sa rive. 

Pou kounya, aktivite yo rete paralize nan sant vil la nan maten twazyèm jou mobilizasyon sa a. Bank komèsyal yo, konpayi prive ak piblik yo pa fonksyone.  Barikad yo anpeche trafik  la vin pi difisil. 

Nan Fon dè nèg yon gwo foul moun te nan lari ap manifeste kont lavi chè, epi yap mande gaz nan ponp yo. Se pratikman tout vil la ki ap manifeste pou twazyèm jou mobilizasyon nan komin sila. Tout aktivite yo paralize. 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire