Vandredi Sen an Ayiti pa menm jan ankò akòz enstabilite politik ak ekonomik

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur
vandredi sen an ayiti pa menm jan ankò akòz enstabilite politik ak ekonomik

Se vre tradisyon « Vandredi Sen » an, an Ayiti sibi anpil chanjman pandan ane yo, akoz enstabilite politik ak ekonomik ki anvayi peyi a san bliye pwoblèm ensekirite a k ap ravaje peyi a, sa ki lakòz anpil aktivite bloke.

Tradisyonèlman, « Vandredi Sen »se yon jou jèn ak rekèyman pou katolik ayisyen yo. Legliz yo fè selebrasyon espesyal pou komemore Krisifiksyon Jezikri a. Fidèl yo ale nan sèvis relijye yo, medite sou pasyon Kris la epi patisipe nan pwosesyon.

Sepandan, nan dènye deseni ki sot pase yo, Vandredi Sen an Ayiti te pran yon tòde pi fèstivite, ak evènman kiltirèl tankou konsè, dans, ak fèt yo te òganize nan kèk vil. Evènman sa yo souvan konsidere kòm yon fason pou Ayisyen selebre kilti yo ak tradisyon yo, men gen kèk moun ki kritike tandans sa a, yo fè konnen li kontrè ak lespri Vandredi Sen.

Mete sou sa, nan dènye ane yo, klima vyolans ak ensekirite ki domine an Ayiti rann selebrasyon sa yo difisil, menm enposib, nan kèk rejyon nan peyi a. Ajitasyon politik ak sosyal souvan mennen nan eklatman ant lapolis ak manifestan yo, sa ki kreye yon klima tansyon ak laperèz nan mitan Popilasyon Ayisyèn nan.

- Advertisement -
Ad image

Anplis de sa, kriz ekonomik ki afekte peyi a rann li difisil pou òganize fèt relijye, paske anpil fidèl pa gen mwayen pou yo ale legliz oswa pou yo patisipe nan pwosesyon.

Men sepandan, malgre difikilte sa yo, anpil Ayisyen kontinye fete « Vandredi Sen » tout pandan yo kontinye konte sou lafwa yo ak rezistans yo pou fè fas ak defi yo.

Li enpòtan pou nou raple, pandemi COVID-19 la te afekte selebrasyon Vandredi Sen an Ayiti pandan lane 2020 ak 2021 an, ak restriksyon sou rasanbleman evènman relijye piblik ak an pèsòn pou anpeche pwopagasyon viris sila.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.