NETALKOLE

Varyòl senj : Yon sitwayen ayisyen teste pozitif nan Repiblik Dominikèn 

Doktè José Santana Tejeda, prezidan rejyon sid Kolèj Medikal Dominiken an (CMD), konfime nan jounal Diario Libre, gen yon sitwayen ayisyen ki teste pozitif pou varyòl senj la. 

Sitwayen sa ki gen nasyonalite Ayisyen an, fè 10èm ka pozitif pou varyòl senj nan peyi Repiblik Dominikèn. Pou kounya Ayisyen sa a nan San José de Ocoa (yon lopital ki nan Repiblik Dominikèn) nan yon kondisyon ki estab, daprè jounal dominiken an Diario Libre, ki site prezidan rejyon sid kolèj medikal dominiken an (CMD), José Santana Tejeda. 

Doktè Santana pa t  kapab di si pasyan sa a ap kontinye resevwa swen nan lopital sa a oswa si li pral transfere nan lopital militè Ramon de Lara. 

Doktè Santana te pwofite entèvyou sa li tè fè ak Diario Libre, jounal dominiken an pou l te diskite sou pwoblèm prekarite lopital la ap fè fas, li te site, pami lòt bagay, pwoblèm medikaman ak pwovizyon, men tou de pèsonèl medikal, sitou nan depatman pedyatri a.
 

Yon lòt bò, otorite dominiken yo pa fè okenn konferans ni yo pa soti  okenn kominike pou fè konnen gen yon lòt ka varyòl senj nan peyi vwazen an, jan yo konn abitye fè sa. 

Varyòl senj se yon maladi ra ke enfeksyon avèk viris varyòl senj la lakoz. Viris varyol senj fè pati menm fanmi viris avèk viris varyola, viris ki lakoz Varyòl la. Sentom Varyòl senj yo sanble ak sentom varyòl, men li pi modere, Epi varyòl senj la pa touye moun fasil. Varyòl senj pa gen rapò avèk varisèl.

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire