Vatican bloke chanjman doktrinal sou relasyon omoseksyèl ak Mè yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
vatican bloke chanjman doktrinal sou relasyon omoseksyèl ak mè yo

Nan yon lèt tou louvri Vatican voye bay evèk alman yo, dirijan legliz katolik yo voye yon pinga bay responsab yo nan peyi Almay pou entèdi yo modifye doktrin ki kondane relasyon omoseksyèl ak Mè yo. Daprè Vatican, yon zak konsa ap kreye divizyon epi sòti nan ansèyman legliz katolik yo.

Nan lèt sa ki pibliye ayè vandredi an men ki pote dat 23 oktòb 2023, Vatican repwoche evèk alman yo ki detèmine pou modifye doktrin sou relasyon omoseksyèl ak Mè yo nan legliz katolik. Depi kèk tan, anpil vwa ap leve pou bay kominote LGBT+ lan dwa menm jan ak tout lòt kategori moun anndan legliz la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Sa dwe klè pou tout moun, kesyon sa yo tout moun pa p janm wè yo menm jan e nou pa ka mete yo tout nan menm nivo», tradiksyon yon pati nan lèt sa Fox News rapòte. « Kèk nan yo gen de seri aspè nou pa ka nan fè diskisyon sou yo, men tou de lòt aspè ki kapab fè gwo diskisyon », rapouswiv lèt sa ki pote siyati Sekretè Deta Vatican an, Kadinal Pietro Parolin.

Kominote Legliz katolik la toujou poko dakò rantre totalman nan kesyon validite dwa LGBT yo. Nan menm lèt sa, otorite Vatican yo pran abò evèk alman yo ki, daprè sa yo fè konnen, pa gen otorite pou ta modifye doktrin sou relasyon omoseksyèl ak Mè yo.

« Yon lòt pwoblèm ankò, yon legliz lokal pa gen okenn konpetans pou pran okenn pwennvi diferan konsènan omoseksyèl », ekri nan lèt sa ki ekri nan lang alman. « Menmsi nou rekonèt nan yon pwennvi sibjektif, kapab genyen divès faktè ki mande pou n pa jije moun, sa pa chanje nan anyen evalyasyon moralite objektif zak sa yo.»

Daprè Sensyèj la, entèdi modifikasyon doktrinal sa se yon mezi ki vize pwoteje libète pèp Bondye a ak egzèsis ministè episkopal la. Nan sans sa, li enpòtan pou n klarifye sa, ditri an Almay lan pa gen pyès pouvwa pou oblije evèk ak fidèl yo adopte nouvo fason gouvènans ak nouvo apwòch doktrin ak moral yo, ekri nan lèt tou louvri sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.