Venezuela renouvle solidarite l ak pèp ayisyen an nan okazyon jounen Dessalines lan 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
venezuela renouvle solidarite l ak pèp ayisyen an nan okazyon jounen dessalines lan 

Nan okazyon komemorasyon 264èm anivèsè nesans papa nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, jounen madi 20 septanm 2022 an, peyi Venezuela renouvle solidarite l ak pèp ayisyen an. 

Nan yon mesaj sou Twitter, jounen madi 20 septanm 2022, chèf Leta venezelyen an, Nicolas Maduro, eksprime l, nan non pèp venezelyen an, pou reyafime soutyen l ak pèp ayisyen an nan kad jounen komemorasyon anivèsè nesans anperè Jean Jacques Dessalines. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Nou anbrase pèp ayisyen an nan okazyon 264èm anivèsè nesans ewo epi dirijan Jean Jacques Dessalines. Nan dat sa, nou renouvle soutyen ak solidarite nou avèk Repiblik Ayiti. Toujou ini nan fratènite», sa ki di nan mesaj prezidan venezelyen an sou kont Twitter li. 

Yon dat komemorasyon an Ayiti ki pase pandan jounen madi a avèk pwotestasyon prèske sou tout teritwa a, avèk yon popilasyon k ap pwoteste depi semèn ki sot pase a, kont ogmantasyon pri pwodui petwolye yo, ensekirite ak lavi chè, san bliye demisyon premye minis Ariel Henry. 

Ayiti ak Venezuela se de nasyon ki pandan lontan te devlope bon relasyon diplomatik, sitou nan moman batay pou endepandans Venezuela kote Ayiti te pami peyi ki te ofri anpil èd ak konbatan venezelyen yo, pami yo Simon Bolivar ki te rantre Ayiti pandan plizyè fwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.