Siklòn Fiona : yon premye evalyasyon rapòte  4 moun gentan mouri nan Karayib la 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
siklòn fiona yon premye evalyasyon rapòte  4 moun gentan mouri nan karayib la 

Yon siklòn kategori 3 sou echèl Saffir-Simpson ki monte jiska 5, Fiona deja lakòz lanmò 4 moun nan Gwadloup, Pòtoriko ak Repiblik Dominikèn. 

Nan Pòtoriko, yo te jwenn kadav yon nonm 58 an apre yon rivyè te bote kadav li nan vil Comerio, sou mòn santral la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan Gwadloup, yon nonm 54 lane te mouri lè dlo inondasyon te leve kay li nan Rivière-des-Pères. 

 Yon lòt Pòtoriken, 70, te boule tou vivan apre li te eseye ranpli dèlko li a ak gazolin pandan li t ap fonksyone. 

Nan Repiblik Dominikèn, otorite yo rapòte yon sèl lanmò.  Sa a se yon nonm yon pye bwa te tonbe sou li pandan van tap vante. 

Achipèl Britanik Zile Tirk ak Caicos te soufri kòlè Fiona nan Madi pandan dirijan achipèl yo te enpoze yon kouvrefe epi yo te mande moun pou yo kouri kite zòn ki ta ka inonde.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.