Bandi ak zam kidnape 2 moun sou wout kanapevè a ki tap achte yon krèm glase

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi ak zam kidnape 2 moun sou wout kanapevè a ki tap achte yon krèm glase

Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo kidnape nan aswè dimanch 11 septanm 2022 a, 2 moun sou wout kanapevè a, yon distri nan vil Pòtoprens. 2 moun yo rekonèt sou non Kimberlie Auguste ak Jean Robert Jr Casséus. 

Inisyativ kidnape moun mande gwo sòm lajan an retounen yon lòt fwa ankò nan peyi a, jounen dimanch ki konsakre pou BonDye a, 2 jenn te tounen yon sib pou kidnapè yo sou wout Kanapevè a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kimberlie Vilmenay ak Élie Casséus se 2 otaj yo. Daprè premye eleman enfòmasyon fanmi Kimberlie Vilmenay te konfye redaksyon an, zak la te fèt kèk minit aprè jenn fi a te kite lakay li al chache krèm glase. 

Nan sans sa a, pou te egzije liberasyon otaj yo rapid vit epi san kondisyon, divès sitwayen ki te choke aprè anlèvman trajik sa a te foule beton an ayè lendi an sou wout avni John Brown nan. 

Pandan mouvman an, yo te paralize trafik machin nan sou tout wout la, kawotchyou tap boule, wòch te gaye sou tout wout la, se kèk konsta nou te fè. 

Manifestan yo pwofite atake otorite leta yo ki, daprè yo, pa adopte okenn mezi ki vize kwape gang yo nan abi yap fè pèp la pase chak fwa yo deside pran lari. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.