Vil Senmak te leve sou brenzeng yo pou mande demisyon Ariel Henry 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Dechoukaj  la komanse nan vil Senmak 

Plizyè santèn abitan nan vil Senmak te foule beton an atravè plizyè lari nan vil la ayè lendi 11 septanm lan pou pwoteste kont ensekirite, ajisteman pri gaz gouvènman an te anonse a epi ogmantasyon pri manje ak machandiz yo. Manifestan yo fè gwo sèman sou demisyon Ariel Henry kòm chèf egzekitif peyi a. 

Site Nisaj Sajè,  fè eksperyans yon jounen tansyon ayè lendi a pou pwoteste menm jan anpil lòt kote nan peyi a fèl deja. Popilasyon an te pran lari pou eksprime kòlè yo epi montre nan ki nivo yo menm tou yo bouke ak gwo kriz sosyo-ekonomik fanmi yo ap fè fas. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manifestan yo bloke antre sid ak nò nan komin sa a nan rejyon pi ba Latibonit lan ak gwo kamyon epi gwo wòch poun site sa yo sèlman  

Klima tansyon sa a te afekte transpò piblik la, komès ak aktivite bankè yo te sanse obeyi epi fèmen pòt yo 

Sitiyasyon an te dire pandan tout jounen an. Li te difisil pou travèse sant vil Sen Mak la pou rive Gonayiv oswa nan depatman Ekstrèm Nò yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.