Walid Regragui, premye antrenè Afriken ki kalifye pou kadefinal yon Mondyal

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
walid regragui, premye antrenè afriken ki kalifye pou kadefinal yon mondyal

Mawòk kalifye pou kadefinal Koupdimonn FIFA Kata 2022 a pandan l elimine Espay nan pennal (0-0; 3-0). Sa fè antrenè Mawoken an, Walid Regragui, vini premye antrenè Afriken ki rive atenn stad sa nan istwa tounwa a. 

Sa siprann anpil moun lè Mawòk rive mete do Espay atè nan Mondyal Kata 2022 a. Magreben yo te pi efikas pase Iberik yo nan seyans pennal la. Avèk kalifikasyon sa, ki istorik pou peyi Mawòk, Walid Regragui enskri non l kòm premye kotch Afriken ki jwe kadefinal. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se vre Mawòk se katriyèm peyi Afriken ki kalifye pou kadefinal, men se premye peyi Afriken ki fè sa ak yon antrenè Afriken. Dayè, nan 22èm edisyon Koupdimonn lan, tout 5 seleksyon Afrikèn yo te prezante ak seleksyonè ki gen menm nasyonalite a. 

Nan lane 1990, lè Kamewoun te kalifye pou kadefinal la, se yon ris, Valeri Nepomniachi ki t ap antrene l. An 2002, Senegal atenn kadefinal avèk Bruno Metsu, yon fransè, nan tèt li. Pou 2010 menm, Gana fè yon bèl tounwa avant l elimine nan kadefinal devant Irigwe. Lè sa se Milovan Rajevac, yon sèb, ki te nan tèt ekip la. 

Samdi 10 Desanm nan, Regragui pral enstale l sou ban Mawoken yo pou l afwonte Pòtigal. Kèk mwa avan Mondyal la, Mawòk te sèl peyi Afriken ki ta pral jwe Mondyal la ak yon antrenè etranje. Se nan mwa Dawout Walid ki se ansyen jwè seleksyon an pran kòn nan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.