Yon foul moun resevwa jwè japonè yo tankou ewo 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
yon foul moun resevwa jwè japonè yo tankou ewo 

Aprè seleksyon japonè a fin reyalize yon pakou san parèy nan mondyal la nan peyi Kata. Samouray Ble yo rive nan peyi Japon jodi mèkredi a, kote yon foul moun akeyi yo tankou ewo, pou tout sa yo sot akonpli pou 22e edisyon mondyal la.  

Ekip Japon an te kreye sipriz depi nan premye match li nan tounwa, kote l te kase mete nan men Almay (2-1), ki se yon ekip ki champyon 4 fwa nan zafè mondyal. Viktwa sa te ba yo anpil asirans nan gwoup E a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre yo te rate kalifikasyon yo nan dezyèm  soti yo fas ekip Kosta Rika (0-1), sa pa anpeche yo rete solid e kwè yo kapab reyalize yon eksplwa devan seleksyon espayòl la. Sa yo te rive fè, japonè yo te bat Espay (2-1), e fini premye nan gwoup la ak 6 pwen.  

Rive nan kadefinal yo ta pral tombe aprè 120 minit nan tire penalite fas ekip Kowasi a. Ekip Japon sa te montre fòs mental li, ak kouraj li, pendan jwè yo te gen anpil disiplin nan jwèt yo, nan fason yo defann ak tranzisyin yo ki te fèt rapid.  

Apre eliminasyon yo, se tout yon peyi ki kanpe deyè yo e ki fyè pou sa yo sot fè nan mondyal la, anpil moun deplase pou vinn akeyi yo jodi  mèkredi a.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia