Jean Ronald Benjamin, yon anplwaye Admistrasyon Jeneral Dwàn (AGD) mouri. Aprè 24 èdtan fanmi l te pase ap chèche l, yo jwenn kadav li 26 novanm pase a nan yin mòg.
Aprè alèt ki te bay sou disparisyon responsab enfòmatik sila ki t ap travay nan AGD, yo te fini pa jwenn kadav li nan yon mòg nan kapital la, daprè pwòch li yo. Premye enfòmasyon yo fè kwè Jean Ronald Benjamin mouri nan yon aksidan machin nan komin Dèlma.
Ansyen etidyan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik lan, daprè Kòlèg travay li yo, te renmen travay li t ap fè kòm responsab enfòmatik anndan bwat sila. Malerezman yo regrèt se nan yon kondisyon ki trajik konsa li mouri.
N ap raple, chak semèn genyen aksidan ki anrejistre sou vwa piblik la epi ki enplike motosiklèt, machin prive kou piblik ak pyeton. STOP-Accidents, ki se “Services Techniques et Opérationnels pour Pallier au Accidents”, toujou mande moun kap itilize wout yo, ki se pyeton oubyen kondiktè, pou yo toujou fè atansyon pou diminye risk aksidan yo, malgre alèt sila toujou genyen viktim ki resanse ant mò, blese oubyen lòt dega materyèl.
Facebook Comments