Direksyon jeneral polis la denonse asasina Komisè Rigaud Harington 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
direksyon jeneral polis la denonse asasina komisè rigaud harington 

Suit ak asasina Komisè divizyonè Rigaud Harington, Direksyon jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (DGPNH) denonse zak sila epi pwomèt l ap pouswiv tout moun ki kontribiye, lwen kou prè nan etenn souf responsab la, jiskaske l jwenn yo. 

Nan yon nòt li rann piblik nan dat 26 novanm pase a, kidonk samdi a, enstitisyon polisyè a di l nan lapenn ak tristès suit ak disparisyon britsoukou Direktè Akademi Nasyonal Polis la, Komisè Divizyonè Rigaud Harington, aprè bandi ak zam te fin touye l 25 novanm pase a, nan aprèmidi, zòn Wout Frè, komin Petyonvil. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Misye Harington te sòti nan 5è pwomosyon PNH la. Avèk yon fòmasyon nan Lekòl Nòmal Siperyè, Rigaud Harington te gen plizyè metriz aletranje, youn ladan yo se nan defans. Li te dirije Akademi Nasyonal 2 fwa. Anvan li te vin direktè, li te yon enstriktè ak direktè etid.  

Bandi asasen l nan moman l t ap prepare seremoni gradyasyon yon 5è “kowòt” komisè. Aprè zak la, malfektè yo sove ak machin li ak tout chofè ki te ladan l lan, se sa nou aprann pa bò kote Enspektè Gary Desrosiers, ki konfime Komisè polis la mouri ak yon bal nan tèt. 

Nan kominike sila Polis Nasyonal d Ayiti asire li mobilize tout resous ki nesesè pou « zak malonèt ak revòltan sa a pa rete san pinisyon ». 

« La PNH ne ménagera point ses efforts jusqu’à ce que les auteurs, co-auteurs et complices de cet acte crapuleux puissent répondre par devant la justice de leurs forfaits qui continuent d’endeuiller la population haïtienne », se sa PNH la fè konnen.  

N ap raple alòske fèt fen dane yo pa lwen rive, okenn dispozisyon poko reyèlman pran pa bò kote gouvènman ayisyen an pou tabli bon jan sekirite sou teritwa a. Bandi yo toujou ap simaye latwoublay ak dèy nan tout rakwen, lapolis paka fè anyen paske li menm tou li nan ran viktim yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.