Yon akonpayman finansye 500 mil goud pou etidyan k ap ekri memwa yo nan lang kreyòl ayisyen

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon akonpayman finansye 500 mil goud pou etidyan k ap ekri memwa yo nan lang kreyòl ayisyen

Nan okazyon selebrasyon jounen entènasyonal lang kreyòl la, mèkredi 21 fevriye 2024, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) anonse gen yon akonpayman finansye pou pi piti 500 000 goud pou chak etidyan ki deside ekri memwa yo nan lang kreyòl ayisyen. Soutyen sa vize egalman travay k ap fèt nan nivo metriz ak doktora.

Nan kad inisyativ ki pran bò kote Ministè edikasyon nasyonal, Akademi kreyòl ayisyen, Rektora inivèsite Leta a ki vize valorize lang kreyòl la pi plis toujou, selebrasyon jounen entènasyonal lang kreyòl ane ki òganize sou tèm «Lang manman: kreyòl nan lajistis», gen pou objektif entegre lang kreyòl nan pledwari jidisyè yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Selon minis Nesmy Manigat, li te lè, li te tan pou enstitisyon ki konsène yo te pran yon desizyon parèy, sitou lè li konsidere majorite jistisyab yo pa toujou konprann kisa tèks lwa yo di, kisa ki di nan dewoulman jijman yo, kisa ki di nan pwosedi yo, e menm lè lajistis kondane yo, yo pa toujou konprann sou kisa kondanasyon sa yo chita », sa nou kapab li sou kont ofisyèl MENFP an.

Pwofesè Eugène Pierre-Louis, Dwayen Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, ki te prezan nan aktivite sa ki te òganize nan lokal Rektora a, bay detay sou enpòtans chè lang kreyòl nan lajistis ayisyen an ak fason li pral kontribiye nan fòmasyon avoka , jij, uisye, notè, etidyan, elatriye, pandan l t ap ekspoze nesesite pou tradui lwa ak kòd yo nan lang kreyòl ayisyen.

Nan menm kad aktivite sa, Rektora inivèsite a, nan tèt kole ak Akademi kreyòl ayisyen an, te tou pwofite onore 5 loreya konkou redaksyon epi deklamasyon Ak endepandans peyi a Jean Jacques Dessalines te li nan dat premye janvye 1804.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.