Yon ansèyman totalman nan lang kreyòl pou klas preskolè ak 2 premye ane fondamantal yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Photo : Twitter Nesmy Manigat

Nan okazyon prezantasyon Liv Inik lan jounen jedi 25 jiyè a, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse chanjman ki fèt nan kad oryantasyon kourikoulòm lan. Apati ane akademik 2022-2023 a, ansèyman pou klas preskolè ak de premye ane fondamantal yo pral fèt inikman nan lang kreyòl ayisyen. 

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl kontinye ak refòm li yo. Nan kad mete an aplikasyon 12 mezi pou refòme sistèm edikatif ayisyen an, MENFP deside pou lekòl timoun ki nan klas preskolè yo ak premye epi dezyèm ane fondamantal fèt sèlman nan lang kreyòl ayisyen apati septanm k ap vini la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, ki te prezan nan evènman sa fè konnen chanjman sa yo nan sistèm edikatif ayisyen an se pou kapab transfòme mòd lekòl peyi a genyen depi plis pase 200 lane. Daprè titilè MENFP an, modèl lekòl ki gen la plis chita sou echèk olye li mete douvan reyisit elèv yo. 

Apati pwochen relouvèti lekòl ki gen pou fèt an septanm lan, ansèyman tout elèv nan klas preskolè, premye ak dezyèm ane fondamantal, sou tout teritwa peyi, sipoze fèt nan lang kreyòl apati “Liv Inik” Ministè a prezante a. Yon desizyon ki, daprè responsab MENFP yo pral kapab ofri menm baz konpetans ak tout timoun nan nivo sa yo. 

Minis Nesmy Manigat ki te reyaji sou paj facebook li fè konnen Komisyon nasyonal kourikoulòm lan pral travay pou gade kijan elèv ayisyen an kapab kòmanse pi bonè ak aprantisaj anglè ak espanyòl nan kad pwojè sa ki vize mete nan sistèm edikatif ayisyen an yon lekòl miltilang. 

Akote klas preskolè ak de premye ane fondamantal yo ki gen ansèyman ladan yo k ap fèt inikman nan lang kreyòl ayisyen, nan yon tablo Ministè a pibliye pandan okazyon sa fè konprann, apati twazyèm ane fondamantal pou rive nan dènye ane segondè, kou yo kapab anseye nan lang kreyòl ak fransè. 

Ansèyman nan lang kreyòl ayisyen nan nivo preskolè se yon mezi ki pral gen pou rantre nan sistèm edikatif ayisyen an pou yon premye fwa. Jeneralman, klas sa sèvi pou aprann timoun yo fè premye konesans yo ak lang fransè ki jiska jodia se lang ansèyman nan sistèm edikatif ayisyen an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.