Yon ansyen entènasyonal Pòtigè kwè nan yon final Ajantin – Lafrans 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon ansyen entènasyonal pòtigè kwè nan yon final ajantin lafrans  (1)

Nuno Gomes bay avi l sou ki ekip li panse k ap jwe final Koupdimonn FIFA Kata 2022. Pou ansyen entènasyonal Pòtigè a, se seleksyon Ajantin nan k ap kwaze ak Lafrans nan final sa a. 

Demifinal yo pral kòmanse, men je anpil moun gentan fikse sou final Mondyal la k ap fèt dimanch 18 Desanm k ap vini la a nan Lusail Stadium ki chita kò l nan vil Doha. Pou Nuno Gomes, se Ajantin ak Lafrans ki pral mezire fòs yo nan match sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« M panse final la se Ajantin – Lafrans l ap ye. Men, pou yon dezyèm fwa youn kole ak lòt, Kowasi nan dènye kare a e l toujou montre yon atitid konpetitif. Kidonk m panse l ka fè dega kont Ajantin, men m parye sou yon final Ajantin – Lafrans » se sa ansyen jwè Pòtigal la deklare. 

Si tout fwa sa Nuno Gomes di a respekte, se pral yon gwo batay ant 2 gwo nasyon foutbòl. Kòm yo chak gen 2 etwal kote pa yo, se t ap okazyon pou yon nan yo pase ak 3 Koupdimonn. Se t ap premye fwa n t ap wè afich sa nan yon final Koupdimonn. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.