Yon avyon kraze ak 5 syantifik nan peyi Lèzetazini

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
yon avyon kraze ak 5 syantifik nan peyi lèzetazini

5 moun mouri nan yon aksidan avyon nan peyi Etazini, pi presizeman nan Eta Akanzas, mèkredi 22 fevriye 2023 a, se sa nou aprann pa bò kote otorite lokal yo.

Avyon an ki gen 2 motè  kraze bò midi konsa tou pre ayopò Akanzas la avèk 5 moun sila yo ki se de syantifik ki t ap ankete sou yon eksplozyon. Aparèy la kraze kèk tan aprè l te fin dekole pou rann li nan Eta Ohio.

Tout manm ekipaj yo se te anplwaye yon sosyete konsèy syantifik ki chita kò l nan Little Rock.

Otorite amerikèn yo anonse pou kounya ouvèti yon ankèt sou lye aksidan an nan lide pou konn veritab kòz ensidan an, men toutfwa kondisyon meteyolojik yo rann etid teren an konplike.

Menmsi idantite viktim yo poko revele, CTEH, ki se yon sosyete lokal konsèy anviwònman, deklare pasaje yo ak pilòt la tout se anplwaye l. Yo t ap rann yo Colombus, Ohio, kote yon izin kwiv te eksploze epi tiye yon ouvriye epi voye yon douzèn lòt sou kabann lopital, nan banlye Cleveland.

Facebook Comments

Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.