Yon bandi mouri, yon zam sezi nan yon afwontman Lapolis fas bandi nan zòn Kafoufèy

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon bandi mouri, yon zam sezi nan yon afwontman lapolis fas bandi nan zòn kafoufèy. kredi foto abraham lincoln

Lapolis nan kad yon operasyon yo te mennen jodi samdi 17 jen 2023 a, nan tèt kole ak popilasyon an, konfiske yon zam lagè. Popilasyon an ki te an kòlè, mete dòmi nan je yon prezime bandi pandan operasyon sa nan katye Kafoufèy, pi presizeman nan zòn Savann Pistach.

Depi anviwon plizyè semèn, Kafoufèy konvèti an yon tèren afwontman ant Lapolis ak bandi. Nan katye Savann Pistach, aprè midi samdi 17 jen an, plizyè rafal katouch te pran chante mikalaw nan zòn sa kote bandi san fwa ni lwa manifeste move entansyon pou kontwole plizyè nan teritwa ki twouve yo nan katye sila a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon ajan fòs lòd yo konfye plizyè sous lokal, youn nan bandi yo ki t ap bay anpil pwoblèm, pèdi lavi l pandan afwontman sa.

Toujou daprè done ki disponib yo, se popilasyon an ki etenn souf endividi sa non l pa site a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.