Yon bato ki gen 253 Ayisyen ladann ki ta pral Etazini echwe nan peyi Kiba 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon bato ki gen 253 ayisyen ladann ki ta pral etazini echwe nan peyi kiba

Yon total 253 Ayisyen, ki gen ladann 31 timoun ak 61 fanm, ki t ap vwayaje nan bato ak entansyon pou yo emigre Ozetazini, debake a minwi dimanch nan pò Kasasa, nan  Kayo Koko, Jadines Dèl Rey de Avila  (Cayo Coco, Jardines del Rey) nan nò Syego de Avila, kote yo resevwa swen nan yon sant edikatif nan pwovens lan. 

Apre evènman an, otorite pwovens yo, ki te dirije pa Tomás Alexis Martín Venegas ak Ania Francisco Malde, respektivman gouvènè ak vis-gouvènè,  te òganize yon sejou tanporè nan Lekòl Fòmasyon Pwofesè Edikasyon Fizik Manuel Suárez, kote yo resevwa swen medikal ak èd solidarite ki soti nan Kiba. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Espesyalis Lakwa Wouj Kiben an, María González Padrón, te fè konnen depi premye moman migran Ayisyen sa yo te gen garanti manje ak lòt pwovizyon, alòske yo te etabli kontak ak pi wo otorite Kiben yo, yon fason pou yo voye Ayisyen sa yo tounen san danje nan peyi orijin yo. 

Yon temwen ki te patisipe nan ekspedisyon an di move tan te fòse yo fini bloke « yon kote nan Kiba », kote, yo rekonèt, yo resevwa swen ekselan, jan sa te rive nan okazyon anvan yo. 

Nap raple fevriye pase a, yon lòt gwoup ki te gen 292 imigran ayisyen te rive nan pwovens Syego de Avila, ki tou nan mitan Kiba. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.