Fanm pa gendwa travay nan ONG nan peyi Afganistan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
fanm pa gendwa travay nan ong nan peyi afganistan

Alòske yo apenn pran yon mezi 20 Desanm pase a ki entèdi fanm yo ale nan inivèsite pou aprann, Taliban yo voye lwil sou dife a ankò ak yon lòt mezi kote « fanm yo pa gendwa travay nan okenn òganizasyon non gouvènmantal sou teritwa yo a». 

Nan peyi Afganistan kondisyon vi fanm yo vin pi difisil chak jou pi plis depi lè Taliban yo fin rive nan tèt pouvwa 14 dawout 2021 pase a. Anplis plizyè restriksyon yo te deja pran, aktyèlman yo entèdi fanm yo travay nan ONG yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon desizyon Taliban yo di yo pran akòz yo resevwa « bon jan plent » sou zafè kòd vestimentè islamik la ki pa respekte nan travay sila yo. 

“Genyen plizyè plent grav ki pote konsènan « hijab Islamik » la ak lòt règ ak règleman ki gen rapò ak travay fanm yo nan òganizasyon nasyonal ak entènasyonal yo, ki pa respekte”, se deklarasyon Ministè Ekonomi an, ki responsab pou apwouve lisans yo nan ONG k ap opere nan peyi a. 

Ministè a konfime li voye lòd la bay ONG yo epi li pwomèt pou pran sanksyon kont tout moun ki pa respekte prensip yo. Òganizasyon yo, nasyonal oubyen entènasyonal, kapab menm pèdi dwa fonksyonman yo an Afganistan, daprè li.  

Toutfwa n ap raple, ajans Nasyonzini yo pa konsène pa mezi sila, paske yo pa depann de ministè a. 

Suit ak desizyon pou entèdi fanm yo travay nan ONG nan peyi Afganistan, anpil manifestasyon te fèt nan kapital la Kaboul pou konteste sa. 

Deja genyen omwen 6 ONG ki anonse yo sispann aktivite yo an Afganistan aprè anons sila Taliban yo fè dènyèman, kote fanm yo paka travay nan zafè imanitè. 

Save the Children, Conseil norvégien pour les réfugiés, CARE, Comité international de secours (IRC), Christian Aid ak ActionAid, se non plizyè òganizasyon ki anonse yo sispann sèvis yo jiskaske yo jwenn plis limyè sou mezi sila ki pa san konsekans sou popilasyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.