David Joseph alyas « Ti Blan » se non yon endividi Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete epi prezante kòm youn nan bra dwat chèf gang “Kraze Baryè a”, Vitelhomme Innocent. Yo mete lapat sou li, pami plizyè lòt endividi ki enplike nan komèt move zak nan mitan popilasyon an.
Nan kad operasyon Tornade 1 an, fòs lòd yo rive arete 8 kriminèl yo idantifye kòm manm gang Vitelhomme nan, pami yo « Ti Blan ». Lapolis fè konnen nonm sila, ki genyen sèlman 22 lane, site nan plizyè ka kidnapin, vòl veyikil, vòl ak zam, elatriye. Yo arete l nan komin Taba, pa twò lwen komisarya a, samdi 25 fevriye pase a.
Alòske l nan gadavi nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), yon moun li te kidnape – Jean Franklin – idantifye li klè kou dlo kòk kòm prensipal otè anlèvman l, nan jou ki te vandredi 7 Oktòb pase a, lakay li.
Lè sa daprè PNH, bandi san fwa ni lwa yo te touye madanm Jean Franklin ki se Odette Gauthier Franklin, epi mete dife sou li anndan kay la. Viktim nan fè konnen se menm David Joseph sa ki te la pou fè negosyasyon lè yo te kenbe l an otaj nan zòn Tòsèl, jiskaske l libere.
Swit ak prezantasyon kriminèl la, pami kèk lòt, enstitisyon polisyè a enfòme y ap gen pou ekstrade David Joseph alyas Ti Blan nan peyi Etazini pou l al reponn pou zak li pa twò lontan.
Facebook Comments