Malgre pinga, migran Ayisyen yo kontinye ap riske lavi yo sou lanmè

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
malgre pinga, migran ayisyen yo kontinye ap riske lavi yo sou lanmè

Fas ak degradasyon kondisyon lavi sosyo-ekonomik yo, Ayisyen yo pa sispann òganize yo pou kite peyi an. Ayè dimanch lan, otorite Bahamas yo kenbe yon total 127 migran Ayisyen ki sòti Ayiti, avèk pou destinasyon prensipal, Etazini.

Yon sitiyasyon ki rive prèske chak jou dènye ane sa yo avèk Ayisyen yo ki pa sispann òganize vwayaj kanntè pou ale chache lavi lòt kote. Responsab Bahamas yo kenbe nan zòn Andros, nouvo gwoup migran sa yo ki te gen ladan l 116 gason, 9 fanm ak 2 timoun.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre divès pinga ki sòti bò kote otorite plizyè peyi nan rejyon an, prensipalman anbasad Etazini an Ayiti, Ayisyen yo kontinye ap pran lanmè nan vwayaj ankachèt malgre tout risk yo.

Daprè otorite Bahamas yo, Fòs defans wayal la te okouran depi vandredi ki sot pase a sou rive bato ranpli migran Ayisyen an , yon patwouy fwontalye kiben ta pral avèti yo. Ayè dimanch lan, Gad kot bayameyen kenbe gwoup migran sa yo ki t ap travèse ilegalman fwontyè Bahamas la.

Nan yon kominike ki pibliye sou sitiyasyon sa, Ministè travay ak imigrasyon Bahamas la deklare yo pral fè tout mwayen posib yo pou rapatriye byen rapid migran Ayisyen sa yo k ap kouri kite Ayiti akoz deteryorasyon kondisyon lavi nan peyi an dènye ane sa yo.

Bahamas ki se youn nan prensipal destinasyon migrasyon an mas Ayisyen yo nan rejyon an, pa sispann pale sou sitiyasyon Ayiti an nan divès rankont kominote entènasyonal la pou mande yon entèvansyon rapid pou rezoud kriz plizyè dimansyon sa k ap bwase bil peyi an.

Premye minis bayameyen an, Philip Brave Davis, te anonse nan fen ane ki sot pase an yo dispoze pou ta voye twoup an Ayiti nan kad entèvansyon yon fòs miltinasyonal pou rezoud prensipalman ensekirite an k ap taye banda sou prèske tout teritwa nasyonal la.

Malgre tout rankont ki pa sispann fèt sou kriz ki gen an Ayiti an, kominote entènasyonal la toujou poko deside pou voye fòs militè etranje nan peyi an jan Premye minis Ariel Henry te mande sa nan Nasyonzini ak nan Òganizasyon eta ameriken (OEA).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.