Yon don 60 milyon dola bò kote BID pou ede moun ki plis pa kapab yo an Ayiti 

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
yon don 60 milyon dola bò kote bid pou ede moun ki plis pa kapab yo an ayiti 

Bank entèamerikèn devlopman (BID) bay 60 milyon dola ameriken kòm don pou amelyore sekirite alimantè, pote èd bay popilasyon ki pi vilnerab yo, ofri swen ak moun ki deplase yo epi migran k ap rapatriye yo. 

Yon premye pati nan kòb sa ki evalye a 40 milyon dola pral kapab ale dirèkteman nan men moun k ap viv nan zòn defavorize yo atravè transfè lajan kach. Benefisyè yo ap gen pou patisipe nan de pwojè ki vize fè fas ak fenomèn chanjman klimatik lan. 

Dezyèm pati fon sa ki se 13 milyon dola ameriken pral sèvi pou garanti sèvis sante esansyèl yo pou moun k ap viv nan zòn ki pi frajil yo. Yon lòt bò, anviwon 6 milyon dola pral konsakre nan amelyorasyon swen k ap ofri ak moun ki deplase yo epi migran lòt peyi voye tounen yo. 

Yon pati nan don sa BID ap fè a pral sèvi egalman pou elaji sistèm enfòmasyon Ministè afè sosyal ak travay la nan lide pou kapab amelyore idantifikasyon moun ki plis nan bezwen yo. 

- Advertisement -
Ad image

Don 60 milyon dola ameriken sa ap bay sou twa zan e pral kapab jere pa Fon asistans ekonomik ak sosyal Dayiti (FAES). Premye pati fon sa ki pral jwenn fanmi ki pi vilnerab yo prevwa kòmanse bay apati janvye 2023 kote anviwon 52 mil fanmi ki evalye a 260 mil moun sipoze benefisye. 

 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.