Yon entèvansyon militè an Ayiti ta dwe dènye opsyon an daprè Emmanuel Dubourg 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon entèvansyon militè an ayiti ta dwe dènye opsyon an daprè emmanuel dubourg 

Depite kanadyen ki gen lonbrik li mare an Ayiti, Emmanuel Dubourg, eksprime li sou deba k ap fèt sou koze entèvansyon militè etranje nan peyi a sou demand gouvènman ayisyen an. Palmantè a estime se ta dwe dènye opsyon an. 

Depite sikonskripsyon Bourassa a, ki gen orijin li Ayiti, fè konnen yon entèvansyon militè nan peyi pa ta sipoze gentan anvizaje. Yon desizyon konsa ta dwe dènye opsyon an fas ak risk ki genyen pou l ta transfòme an masak. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Emmanuel Dubourg ki se sèl depite liberal orijin ayisyèn nan chanm komin yo Ottawa, menm jan ak anpil lòt pèsonalite ki gen lyen ak Ayiti, bay posizyon yo sou kriz peyi a ap konnen deja depi yon pakèt tan. 

N ap mansyone, depite Dubourg pran nesans an Ayiti nan dat 26 desanm 1958 nan vil Senmak e ta pral rantre nan peyi Kanada an 1974. Depi 2013, Emmanuel Dubourg fè pati chanm komin yo Kanada kote li reprezante Bourassa. 

Malgre akò gouvènman Ariel Henry an bay kominote entènasyonal la pou militè etranje debake sou teritwa ayisyen an, divès peyi ki ta dwe fè pati misyon sa toujou montre yo retisan pou voye sòlda yo nan fòs sa gouvènman an kontinye ap tann lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.