Yon finansman 4,5 milyon dola pou ranfòsman sektè dlo potab la an Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon finansman 4,5 milyon dola pou ranfòsman sektè dlo potab la an ayiti 

Fon pou anviwonnman mondyal pou peyi mwens avanse yo (FEM) apwouve yon montan 4,5 milyon dola ameriken pou mete sou pye yon pwojè ranfòsman rezilyans klimatik nan sektè dlo potab la an Ayiti. 

Sou direksyon Ministè anviwonnman ak Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman (DINEPA), avèk soutyen ONG Helvetas kòm patnè, pwojè sa ki etabli sou yon peryòd 5 an ap gen pou travay nan tèt kole avèk kominote yo, òganizasyon lokal yo, enstitisyon gouvènmantal yo, pou pwopoze tout kalite solisyon sou pwoblematik dlo potab la an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwojè sa ki prevwa demare nan kòmansman ane 2023 a, ap kapab pèmèt anviwon 130,000 moun nan depatman Sidès peyi a benefisye dirèkteman yon aksè pi fyab nan sèvis dlo potab.  

Pwojè sa gen twa objektif prensipal ki se: amelyore konesans ak sansibilizasyon sou enpak chanjman klimatik yo sou sektè dlo potab la an Ayiti; ranfòse politik, règlemantasyon ak kapasite enstitisyonèl pou jesyon dlo potab lan, epi pwomosyon pou pratik ki vize ogmantasyon apwovizyonnman dlo an. 

Nan nivo nasyonal, rejyonal ak lokal, pwojè sa gen ladan l fòmasyon pèsonèl nan sektè an k ap gen pou jere resous dlo yo ki baze sou rezilyans klimatik ak anmenajman teritwa. Pwojè sa ap gen pou reyabilite 700 ekta tè gras ak yon politik 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.