Pou fèt fen ane yo CNE vle bay kapital la yon lòt vizaj 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pou fèt fen ane yo cne vle bay kapital la yon lòt vizaj 

Sant Nasyonal Ekipman (CNE) atravè divès pwogram li yo, vle bay zòn metwopolitèn Pòtoprens lan yon lòt vizaj pou fèt fen ane yo ak plu rantre nouvèl ane a. 

Nan kad pwogram ki batize « CNE Lakay ou », li te lanse an jiyè 2020 sou plas Fontamara, direksyon jeneral CNE a, nan tèt li Kinton Louis, mete disponib plizyè kamyon ak traktè ki ak pèl (tractopelle) pou netwaye plizyè kwen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, kote labou ak fatra anpeche sikilasyon an fèt kòmsadwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kèk zòn nan Site Solèy, Delma, Taba, Petyonvil, Pòtay Lewogàn, Lasalin, Mache Salomon, pami kèk lòt, deja kòmanse benefisye pwogram « CNE Lakay ou » a.  

Lide a daprè CNE, se pèmèt popilasyon ayisyèn nan pase yon bon fèt fen ane epi rantre nan nouvèl ane a nan yon espas ki pwòp, ki pa gen move lodè ak fatra. Nan sans sa, enstitisyon mete nan lari plizyè ekipman pou fè lapwòpte nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè zòn ki anviwonnen l. 

Nimewo 1 Sant nasyonal ekipman, M. Louis te tou pwofite mande popilasyon an pou yo pwòpte katye yo nan menm okazyon sila epi debarase fatra ki gen la yo, pandan l te tou pwofite menase konpayi k ap ranmase fatra yo epi lage yo nenpòt kote sou vwa piblik la. 

CNE, nan vwa titilè li Kinton Louis, di l pran otorizasyon pou l remòke avèk otorizasyon enstitisyon ki konsène yo, tout veyikil ki an pàn nan lari a epi ki anpeche sikilasyon fèt kòrèkteman. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.