Yon Fòs etranjè esansyèl pou kwape gang yo nan peyi a, daprè anbasadè Ayiti a nan peyi Etazini 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon fòs etranjè esansyèl pou kwape gang yo nan peyi a, daprè anbasadè ayiti a nan peyi etazini 

Anbasadè Ayiti a nan peyi Etazini, Bocchit Edmond deklare lendi 28 novanm 2022 a, kominote entènasyonal la ta dwe voye yon fòs militè etranjè an Ayiti pou fè fas ak gang yo, menm si lapolis te mete fen nan blokaj yon tèminal gaz ki te lakòz yon kriz imanitè nan peyi a. 

Konsèy Sekirite Nasyonzini an te diskite sou voye yon fòs militè nan peyi a pou fè fas ak koze gang yo nan mwa Oktòb pase a, men pwopozisyon sa te vin jwenn mwens atansyon depi lè lapolis te reprann kontwòl tèminal Vare a nan mwa Novanm sa a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, Bocchit Edmond nan yon entèvyou nan anbasad ayisyen an nan Washington, deklare « sitiyasyon an pa chanje, louvèti tèminal petwolye a pa pote yon solisyon ak pwoblèm nan », tout pandan li fè konnen gang yo kontinye elaji teritwa yo nan peyi a. 

« Si nou pa gen yon prezans entènasyonal pou ede n fè fas ak gang ak zam sa yo, sitiyasyon an ap vin pi mal toujou, » avèti anbasadè a, tout pandan li kontinye pou li di yon fòs konsa ta dwe sipòte lapolis la, epi twoup yo ta dwe bay sa li rele yon « kowalisyon volontè pou Ayiti ». 

Prèske 6 semèn blokaj tèminal Vare a te anpeche distribisyon gazolin ak dyezèl, sa ki te lakòz pifò aktivite ekonomik yo kanpe nan peyi a, e ki te lakòz yon gwo mank machandiz debaz, menm jan peyi a konnen yon nouvo epidemi kolera. 

Babekyou,  nan dat ki te 6 Novanm 2022 a te di yo ka retounen nan tèminal la, epi kòmanse  distribisyon gaz nan peyi a. Men li enpòtan pou nou fè konnen malgré distribisyon gaz la, aktivite gang ki gen ladan kidnapping ak konfwontasyon ak lapolis kontinye ap fèt chak jou nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.